Category: Haiti People Jokes
Reader Rating: Not yet rated
Contributor:
MEN Yon Bl Chay! Gen yon moun fou abiye ki t'ap flannen, mouche gade li wè'l kwadèbosal. Li souke tèt li li di hahhhhhhahhhh jodi-a se jou pa'm pou'm fè tout moun konnen gen moun ki pi fou pase'm... Li gade li wè yon sak tou sal ki plen ak po cocoye wole ak bra bannann.Li mare bouch sak byen mare, li ouvè baryè gòje'l li rele byen fò :men yon djò. Pòdjab malere ki te tou grangou ki pot ko fè lajan kafe'l jou maten sa-a, mouche abrase sak fatra-a san'l pa menm fè pri poutèt pou lòt moun pa gen pran bèl chay la, li chaje'l voye sou tèt li epi li di moun fou-a annale ! Mouche devan, moun fou-a ap swiv li.Katrè de tan pi ta, potè-a pa kapab ankò, venn kou'l ap pete, li mande moun fou-a ki kote-w prale patron? Moun fou-a gade malere-a li ri, li di'l konsa, mwen menm? se mache'm mache tout lajou wi, nen se ou m'ap swiv, e ou menm ki kote-w prale? Potè-a lage sak fratra atè, li di moun fou-a li sezi'l.Moun fou reponn mouche li di'l ou mèt sezi'l paske-w pral sezi.
|