Category: Haiti Diaspora Jokes
Reader Rating: Not yet rated
Contributor:
Ou Pa Antre Ou Pa Voye Se te Jolibwa ki Marye ak Mariz, men Jolibwa vin pati li al viv Maimi. Epi fanmi jolibwa menm... rele joilibwa nan telefon bay tripotay sou Mariz. Bwa menm ki tonbe nan fè jalouzi li pa voye atresko pou fi a li pa rele li tou. Yon jou li di kite li fon ti pale ak Mariz paske se madanm li li ye nèt. Telefon sonnen yo rele Mariz telefon: Lè yo di li se jolibwa li kouri al reponn. Men depi li pran telefon se kriye l ap kriye sèlman. Tout kriye, kriye l ap di san rete: Bwa cheri, se konsa ou di bwa? Hey! Ou pa antre ou pa voye bwa ou pa manke pa di. Bwa ou di vre! Mezanmi kade jan bwa di oh! Bwa ou deyor ou pa antre ou pa voye! Konnye a moun ki kanpe deyo yo ap mande kisa k ap pase madanm konsa? Tèt chaje!!!
|