Category: Haiti Religion Jokes
Reader Rating: Not yet rated
Contributor:
Jezi Ak Jak - Mirak Pye Poul Se te Jezi ak Jak ki te nan misyon. yo rive yon kote, yo grangou. Jezi bay Jak kòb pou li fè manje pou li ka separe. Pandan pyè fini kwit manje a, li te kwit yon poul antye, Jak pran yon pie poul, li manje. le Jezi vini, pandan li ap separe viann nan, li remake manke yon pie poul li mande Jak sak pase, kote pye poul la? Jak di Jezi: Te kwè poul se yon sèl pie li genyen" Nan diskision, diskisyon, Jezi di: "bon... an nou al nan mache-a pou nou ka wè si se vre" pandan yo prale, yap monte yon ti mòn, Jak wè yon poul, men li kanpe sou yon sèl pie Jak di: "ou wè sa-m te di a!" Jezi pran yon ti roch, li tire dèyè poul la, epi poul la kouri. Jezi reponn: "Jak ou wè" Jak di: "A Jezi monchè, ou toujou ap fè mirak!"
|