Category: Haiti Short Stories
Reader Rating: Not yet rated
Contributor:
Malis Ak Bèf Nonk Bouki Chansòl pa twò lwen Pòdpè, e se la istwa sa a te pase. Vwala se te yon fwa, Nonk Bouki te gen yon bèf Konpè Malis pa te konn sa. Bouki te kache zanmino a pou li menm. Bouki toujou lage Malis nan mera. Malis li menm toujou poze pèlen pou Bouki. Sa pa vle di yo pa toujou ansanm. Yo tankou Senwòk ak chen l. Gen moun ki di Bouki se nonk Malis, se pa vre. Yo se de konpayèl. Youn mètdam, debouya; lòt la gwonanm; li saf anpil. Kidonk, Bouki t ap angrese bèf li san li pa janmen di zanmi monkonpè l anyen. Li te mare bèt la nan mitan yon bwa bayawonn kote pèsonn pa t ale pyès ankò sof chasè pentad ak ranmye ki soti Pòdpè osnon Gonayiv. Yon apremidi konsa, Malis siprann Bouki k ap veye si pyès moun pa t ap gade l. Kounyeya konpè a vin devinen nonk gen yon bagay l ap chache kache. Li tanmen espyonnen l. Yon semèn te kont pou Malis te dekouvri sekrè Bouki a. Li te dekouvri kachèt sekrè a tou. Tèt li koumanse travay pou l jwenn yon jwen pou l pran bèf la pou li ase. Bèf la, Bouki te mete l nan swenyay. Malis pa te gen dwa fè sa, li te konn sa tou, tansèlman, li di tèt li: «Bouki sitan gwonanm, sitan aloufa* l ap fè m pi mal kou l jwenn okazyon an». Se te kòmkidire dyab li menm t ap mache ak Malis, paske chans pa l msye Sidoàn, pi gwo grandon Chansòl la te vin mouri. Pè savann* nan te pral fè diskou. Li te pral di: «Li mouri apre li fè lontan malad. Li te sipòte maladi a ak kouraj. Se pou Bondye ki pwoteje moun ki bon yo resevwa nanm sa a ki pwòp e charitab». Pitit Sidoàn yo pa te kwè papa yo te charitab menm. Yo te kontan l mouri. E se pou sa vyè yo t ap pare apa t ap manke gra. T ap gen bouyon tèt kabrit, soup joumou, bon pen vant, e anplis mete sou sa anpil kleren. Pa te gen anyen ki ta kab fè Bouki manke vèy sa a. Poutèt babako sa a. Manje li te pral manje san mete senk kòb deyò. Malis, bò kote pa l, sa li t ap chache nan syèl, li vin jwenn li atè. Li pare kò l pou l al manje bèf Bouki a. Menm Bouki sa a, poutèt li te sitèlman aloufa, te deja fè l pèdi bèl avantay. Bouki potko soti lakay li pou l al nan vèy msye Sidoàn nan, Malis te gentan pare pou l pran chemen bwa bayawonn nan kote bèf la t ap riminen kè pòpòz. Mètdam yo bay pou Malis la poze men sou zannimo Bouki a, li touye l, li kòche l. Li mete yon pòsyon vyann nan barik. Yo te pral tounen bèf sale. Apre sa, li pote ke a ak po bèt la tou pre yon lagon byen fon, kote mayengwen ak vye maladi t ap donnen. Li vlope yon gwo papa wòch nan po a, li mare ke a ladan. Enpi li plonje yo nan labou a. Ke a kanpe byen rèd anlè dlo a ki te kouvri ak bèl flè dlo yo rele nenifa. Lemous te toupatou sou dlo a. Konsa nenpòt kilès te gen dwa kwè yon bèf te tonbe tèt anba nan lagon an. Lè Malis rive nan vèy la, li te deja byen ta. Li fè kwè li te Pòdpè lè li te pran nouvèl lanmò msye Sidoàn nan. Se pa de bèl vèy sa a pa t bèl pou tout moun ki te la. Lawouze t ap fè banda lè vèy la te fini. Bouki ki te manje vant deboutonnen pase tout jounen l ap dòmi. Demen apremidi, li potko leve. Malis kite l dòmi jouk byen ta. Lè sa a l al kanpe prèske devan pòt kote Bouki t ap wonfle a, pou pale ak tonton Josma. Li pa te rete twò lwen kay Bouki a. Malis di l: «Tonton Josma, m fèk sot wè yon bèf jòn e nwa tonbe nan ma labou tou pre gagè kouzen Jezilòm nan… Ay tonton, m fè sa m te kapab pou chape l anba lanmò. Li neye kanmenm. Di m non, se pa zannimo pa ou tonton Josma?» Tonton Josma te reponn Malis: «Non kouzen Malis. Denpi 2 mwa m pa gen bèf. Dennyè a se nonk Bouki m vann li. E si m pa twonpe m, m kwè li revann li tou… Mande kouzen Alba… Petèt se kab bèf pa l. Se sa Tonton Josma te reponn Malis.» Tout pale sa yo te leve nonk. Li kouri nan bwa bayawonn nan. Bèf li a te fonn kou bè. Menm kòd la pa t la. Li kouri nan ma dlo a. Li wè anlè labou a ke bèf la kanpe rèd kou bout fè. Li trap li. Li redi l. Wòch ki te kore po zannimo a te lou tankou yon bèf. Nan redi, redi, Bouki glise; li tonbe nan labou a jouk nan senti. Tout jefò li met deyò, li pa te resi wete kò l nan labou a. Chak voye li voye bra l se rantre li rantre pi fon. Labou a t ap kofre lestomak li. Li wè devan je l figi demeplè lanmò ap fè l grimas. Li pran kriye. Li t ap rakle etan sa a, yon chwal vin ap pase. Bouki mande l pote l sekou… Chwal ki te konnen tout istwa a reponn li: «Fòk ou sispann bouki*, monchè ou twò sòt. Mwen pa pe ride ou.» Bourik, towo, milèt, e menm malfini derefize pote sekou. Lè kochon vin fè yon pase, Bouki mande l ride l. Kochon reponn: «Nonk, out a vle mwen, pou m ride ou? Ou fou. M pa pe janm ride ou. Ou se moun ki gen dwa manje m lè m fin pote ou sekou. Ou ki sitèlman renmen ti sale fri… M regrèt sa pou ou. Demele tèt ou.» Kochon pouse, l ale. L ap wenwen. Bouki pa te pèdi lespwa. Li t ap tann. Li t ap lapriyè tankou yon kannannan. _ Tchimoun ki va chove nonk Bouki? Zannimo kat pat yo ale vini. Yo pa ni tande ni wè Bouki. Apre inèdtan konsa, kabrit t ap vanse byen prese li ta pral nan yon banbòch lakay mouton yo. Li rete kanpe pou l ri Bouki ki te nan labou jouk nan zepòl. Sa te bèl nèt. Nonk di l: «Kabrit frè m, ride m non choupye!» Kabrit t ap tòdye tank li t ap ri. Li reponn: «Ou menm, pou m ta ride ou? Fòk mwen ta fou nan tout tèt mwen… Pou jan mwen konnen ou sa a. Ou sitan bèt ou ta kab mete nan lide ou pou manje m apre m ta sove ou lavi. Non jamè, jamè.» _ Kabrit, konpè m, m pa pe fè cha non. Che yon kwo mèchi m tcha di pou ou okontchè. Fè cha pou mwen non, nan non Bondye ki nan chèl ya. Kabrit santi kè l fè l mal pou Bouki. Ak tout gwo kè li te gen pou li. Tou pre a te yon pyebwa ki te donnen bèl lyann, kabrit marande kòn li yo nan lyann yo. Li lonje de pat dèyè, Bouki kenbe yo byen di. Piti piti, li rale kò l soti nan labou a; li te bade. Men li te deyò aktoutsa li kenbe pat kabrit la toujou. Kabrit la di l: «Kouman nonk, ou sove enpi ou kenbe pat mwen toujou. M te pale ou m prese. Lage m pou m ale.» Bichi! Bouki reponn li: _ Tchann mwen non konpè. Che chouf wi m a pran. Kabrit se mètdam tou. Enpi li gen plis lespri pase Bouki, li pran chante pou fè lavwa bay zanmimo zanmi l yo. Nou mele, toutou blenndeng Nou mele Nou mele, toutou blenndeng Nou mele kabrit o! Kabrit rele bèbè Nou mele kabrit, nou mele A! Bouki te renmen chante a. Li leve kanpe, sa pa vle di li lage Kabrit non. Li te kenbe pat li yo toujou. L ap danse. Toudenkou, nonk Bouki pa t manke renmen danse. Li te renmen danse menm jan li te renmen manje, se pou sa li lage pat kabrit la ki rekoumanse chante. Bouki ap danse. Toutotan Kabrit ap chante l ap vanse dèyè, l ap fè bak. Lè li santi l pare, li pran elan l, li grenpe sou yon wòch, li pran mòn pou li. Kabrit chata. Bouki te pèdi nan dans lan. Li pa te wè mannèv kabrit la. Yon bèf ki te begle fè Bouki tounen nan reyalite reyèl. Li chita atè a li pran kriye. L ap rele. L ap rakle pou bèf li ki te nwaye – li te kwè sa tout bon e li t ap rakle pou kabrit la pa te resi manje. Tout moun kouri vin gade yo pa te konprann anyen nan sa li t ap rakonte etan l t ap kriye. Enpi mwen menm ki t ap pase, m di: pe la! Nan vèy msye Sidoàn nan, m te wè ou manje tankou aloufa. Li ban m yon kout pye ki voye m devan ou la a. source: kennesaw.edu
|