Category: Haiti Diaspora Jokes
Reader Rating: Not yet rated
Contributor:
Diaspora Jokes - Vann Mwen Yon Again vwala se te yon ayisyen ki ale nan yon restoran. li order yon diri kole, le yo pote manje a ba li, li komanse manje. pandan lap manje, konsa li remake yon blan nan restoran kap manje yon diferan manje. misye we manje blan bel epi li we ke blan renmen manje a anpil. misye vin anvi manje sa blan ap manje a men li pa konn koman pou li order li. chans pou misye le blan fini, blan di" Can i get the same thing again? yo pote menm manje a bay blan. misye fe vit fin manje pal' la epi li di machann nan. " vann mwen yon again. machann lan pote yon lot diri bay misye anko, misye fache, li di gad koman yon moun rasis, blan mande yon again nou ba lil, paske m' nwe mwen mande youn ou pa ban mwen l'
|